Accessibility links

Breaking News

Somè G-20 an Kòmanse nan Saint-Petersbourg, nan Larisi


Kriz siryèn nan pa sou pwogram ofisyèl somè G-20 an ki kòmanse jedi 3 septanm 2013 la e k ap dire 2 jou. Si, pandan 2 jou sa yo, lidè 20 peyi pral konsantre atansyon yo sou eta ekonomi mondyal la, obsèvatè yo prevwa patisipan yo ap abòde dosye siryen an nan koulis rankont la.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap chache jwenn yon apui elaji pou yon atak militè kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la ki anba akizasyon kòmkwa li te itlize zam chimik kont pwòp pèp li –yon apui lidè ameriken an ap chache ni anndan, ni andeyò Lèzetazini.

Mèkredi 4 septanm nan, Misye Obama ranpòte yon viktwa tou mens nan Komisyon Afè Etranjè Sena a pou yon aksyon kont Siri: 10 manm kont 7 vote an favè yon atak. Bò kote pa li, chèf diplomasi amerikèn nan, John Kerry, lanse bay komisyon an yon avètisman kote li di gouvènman Assad la pral itilize zam chimik ankò si kominote entènasyonal la pa reyaji.

Sekretè Deta Kerry deklare: “Si nou pa aji kounyela a -lè nou byen konnen Assad poze yon zak konsa omwen 11 fwa deja, daprè prèv enfòmasyon sekrè nou ban nou, e dènyè fwa li fè sa, li poze yon aksyon grotèsk, sou yon pi grant echèl ke jamè oparavan-- si nou pa aji, si nou fè bak, si lemond fè bak, nap voye ba li yon mesaj ki di: "Ou gen pèmisyon pou ou poze zak konsa ankò.”

Vòt 10 Wi, 7 Non ki pase nan sena ameriken an mèkredi a, limite tout aksyon molitè pou 90 jou maksimòm e li entèdi twoup militè ameriken mete pye sou tèritwa siryen an. Kounye a, rezolisyon an gen pou li ale devan tout sena a pou yon lòt vòt; e Chanm dè Reprezantan an (Chanm Depite a) genyen pou vote sou li tou.

Menm mèkredi 4 septanm nan, prezidan ris la, Vladimir Putin, fè konnen si kongrè ameriken an aprouve lejislasyon sa a --ki otorize yon aksyon militè kont Siri-- se yon agresyon lap apwouve. Misye Putin kontinye pou l di Sekretè Deta John Kerry bay manti lè li fè konnen rezo tewrois al-Kayda pa enfiltre opozisyon siryèn nan.

Nan jounen 4 septanm nan toujou (vè 9 vè di maten, lè Washington, e 3 zè de laprèmidi, lè peyi Laswèd kote Prezidan Barack Obama te bay yon konferans pou laprès pandan li te sou wout pou Larisi), li di li pa ekate posiblite pou l rankontre ak Misye Putin pandan lap patisipe nan somè G-20 an, menm si pwogram sejou lidè ameriken an nan Saint-Petersbourg pa prevwa yon tèt-a-tèt ant 2 lidè yo.

Misye Obama bay opinyon li sou pozisyon Larisi konsènan Siri; li di :
"Eske mwen gen espwa Misye Putin pral chanje lide l sou kèk nan pwoblèm sa-yo? Mwen toujou optimis, mwen toujou gen espwa e mwen pral kontinye pran kontak dirèk avèk li, paske mwen panse ke yon aksyon entènasyonal pral pi efikas, e finalman, nou kapab mete fen pi rapidman nan yon kriz kote moun ap mouri, si Larisi pran yon apwoch diferan vizavi pwoblèm sa yo."

Prezidan Vladimir Putin, bò kote pa l, di li dispoze apiye yon rezolisyon l’ONU ki otorize yon aksyon militè kont Siri si –e sèlman si- genyen sa li rele “ prèv konvenkan” ki montre fòs militè siryen yo te itilize zam chimik kont popilasyon sivil la.
XS
SM
MD
LG