Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Ejipsyen Entèdi 4 Chèn Televizyon Pwo-Morsi


Yon tribinal egypsyen pase lòd pou 4 chèn televizyon sispann emisyon yo---pami yo, yon chèn lokal ki afilye ak Al-Jazeera ansanm ak yon lòt ki se pwopriyete mouvman Frè Mizilman an.

Desizyon Tribinal la frape chèn Ahrar 25, yon rezo Frè Mizilman yo ap dirije, ansanm ak rezo Al-Kuds e ak al-Yarmuk--- 2 chèn pwo-islamik.

Otorite ejipsyen yo akize “Mubasher Misr” Al-Jazeera deske li nan fè “passpouki” pou prezidan dechouke Mohamed Morsi lame te fòse kite pouvwa a sa gen 2 mwa.

Semèn pase, plizyè ministè gouvènman ejypsyen an te pibliye yon deklarasyon konjwen pou di chèn yo ap simaye fo nouvèl ak rimè ki “pwovoke yon vag mekontantman popilè”… e yo reprezante yon menas pou sekirite nasyonal Ejip.

Minis yo di tou rezo sa a tap fonksyonnen san lisans ak otorizasyon enstitisyon ki akòde frekans radyo ak frekans televizyon nan peyi a.
XS
SM
MD
LG