Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral Nasyonzini an Egzòte


Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, egzòte gran n pisans yo fè yon kanpe, pou kounye a, sou yon posib aksyon militè kont Siri jiskaske ekip enspektè zam chimik l’ONU yo finn ankèt y ap mennen sou kesyon an nan kapital siryèn nan, Damas.

Msye Ban di enspektè yo ap kite Siri disi samdi kap vin la a e yo pral remèt li yon rapò sou dekouvèt yo fè sou tenren an.

Chèf òganizasyon mondyal la deklare: “yo fèt pou bay diplomasi yon chans nan moman Lèzetazuni ak lòt pisans oksidantal yo ap anvizaje yon repons kont gouvènman Bashar al-Assad ap dirije nan Damas la pou swadizan zam chimik twoup siryen yo te itilize semèn pase a kont popilasyon sivil la.”

Antretan, yon konvwa ekip enspektè Nasyonzini yo kite Damas jodi a pou y al tanmen 3 zyèm jounen enspeksyon yo lot bò a.
XS
SM
MD
LG