Accessibility links

Breaking News

Komemorasyon 50èm Anivèsè Diskou Doktè Martin Luther King Jr. la I Have A Dream


Reveran Pastè Martin Luther King Jr., jou li tap fè diskou "I Have a Dream" nan dat 28 out 1963 (Foto Achiv).
Reveran Pastè Martin Luther King Jr., jou li tap fè diskou "I Have a Dream" nan dat 28 out 1963 (Foto Achiv).
Samdi 24 out 2013 la, pèp ameriken an –avèk lidè gwoup minorite yo an tèt- kòmanse yon seri de aktivite nan Washington pou make 50èm anivèvè diskou Reveran Pastè Martin Luther King te pwononse nan dat 28 out 1963, pou li detaye rèv li pou tout sitwayen ameriken –kèlkeswa koulè yo. Tit diskou istorik sa a se « I Have A Dream ».

Aktivite yo ap dewoule sou gwo plas piblik ki rele Mòl Nasyonal la (The National Mall), pi presizeman devan Moniman Lincoln nan. Nap presize komemorasyon an genyen 2 volè:

1.- Selebre bon jan pwogrè ki fèt nan peyi a depi lidè Mouvman Dwa Sivik la te pwononse diskou-a (egzanp : Jounen jodi a, genyen yon prezidan nwa nan tèt Lèzetazini);

2.- Epi ensiste sou nesesite pou minorite yo kontinye ak revandikasyon yo, paske -tankou anpil oganzitè yo di sa- genyen anpil travay ki rete pou fèt toujou --tankou lit kont gwo to chomaj pami minorite yo, gwo pousantaj moun nwa ki nan prizon, pwoblèm ki konn poze nan sistèm elektoral ameriken an e ki vyole dwa-de-vòt manm kèk gwoup rasyal tankou Nwa ak Latino, elatriye. Se pou sa rasanbleman samdi 24 out 2013 la dewoule sou tèm "March for Jobs and Freedom", oubyen "Mach pou Travay ak Libète".

Klike sou “koute” pou w swiv yon repòtaj Lyonel Desmarattes sou anivèse diskou I Have A Dream, an Kreyòl Mwen Gen yon Rèv.
XS
SM
MD
LG