Vis-Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Jan Eliasson, fè konnen tout itilizasyon zam chimik nan gè sivil la nan Siri, ap reprezante yon agravasyon sitiyasyon an nan peyi a, e sa kapab genyen move konsekans seryezman sou lavi moun nan nasyon arab sa a. Misye Eliasson fè deklarasyon sa a mèkredi 21 out 2013 la aprè Konsèy Sekirite l’ONU an te òganize yon rankont dijans sou sitiyasyon an nan Siri.
2èm otorite l’ONU an kontinye pou l di li espere enspektè entènasyonal ki nan Siri jounen Jodi a va kapab jwenn otorizasyon pou yo vizite kèk zòn tou prè Damas, kapital peyi a, kote, daprè opozisyon an, fòs gouvènmantal yo te touye anpil sivil ak zam chimik nan atak yo te lanse mèkredi 21 out la (daprè kèk sous, chif la sanble depase mil moun).
Jan Eliasson deklare: “ Nou espere gouvènman an va kite yo antre-sòti nan zòn sa yo. Nan sikonstans konsa, konsantman otorite yo ta dwe yon fè nòmal. Malgre tout sekirite ki nan zòn nan, nou espere enspektè yo ta dwe gen mwayen pou yo vizite rejyon an. Se yon sitiyasyon trè dramatik k ap devlope jounen Jodi a; sa fè nou lanse apèl bay belijeran yo pou n mande yo konsidere gwo tablo a epi wè nesesite pou yo sispann batay yo.”
Misye Elliasson kontinye pou l di otorite l’ONU yo rete an kontak avèk gouvènman siryen an e yap negosye pou wè si enspektè yo ta kapab ale vizite, antwòt, zòn kote atak yo te dewoule nan jounen mèkredi a.