Nan Lachin, pwosè òm politik Bo Xilai, ki tonbe an disgras pou koripsyon ak abi pouvwa (pami lòt akizasyon kap peze sou do l), kòmanse jedi 22 out la nan pwovens Shandong, nan pati Lès peyi a. Misye Bo rejte akizasyon deske li ta resevwa kout-lajan anba tab apre li te rive nan tribinal pou kòmansman yon pwosè ki makonnen ak youn nan eskandal politik ki fè plis bri nan peyi a depi plizyè dizèn dane.
Akize a –ki te sou lis pou l tounen youn nan pi gwo lidè chinwa- genyen pou l reponn tou akizasyon deske li mele nan koripsyon ak abi pouvwa lè li tap eseye anpeche lajistis mennen ankèt sou responsablite madanm ni nan asasina yon òm dafè britanik. Seyans ki dewoule jedi a, nan vil Jinan, kapital pwovens Shandong, nan pati lès Lachin, te chita sitou sou akizasyon deske Bo Xilai ta resevwa yon afè de 4 milyon dola ilegalman pandan yon sèten nonb dane. Li rejte tou espesyalman akizasyon ki di kòmkwa li te resevwa kout-lajan anba tab nan men yon konpayi ki tap konstrui nouvo konplèks apatman ak sant-dacha nan vil Dalian, toujou nan pati lès peyi a.
An deyò tribinal la, lapolis enstale kòdon sekirite nan divès ri ki nan zòn nan. Tou prè a, yon gwoup patizan misye Bo, ak pannkat nan men yo, tap poze kesyon pou mande eske ansyen politisyen an pral jwenn yon jijman ki onèt, san patipri e ki merite konfyans; men lapolis pat pran tan pou gaye gwoup moun sa yo.
Menmsi près ofisyèl la fè konnen otorite yo pèmèt 19 jounalis antre nan tribinal la pou fè repòtaj sou evennman an, yo pa kite laprès entènasyonal kouvri pwosè a ki pa pase nan televizyon, yon bagay ki montre kijan pwosè sa a gen enpòtans pou gouvènman an. Jounalis Fred Wang ap travay pou sèvis chinwa Lavwadlamerik la; e li se youn nan repòtè ki gen okazyon swiv devlopman pwosè a nan yon sant-de-près ki nan yon otèl, tou prè tribinal la.
Fred Wang di: "Nou te rete tann ant 3 ak 4 trèdtan anvan pou nou te wè sèvis Twitter chinwa a pibliye kèk foto sou pwosè a. Yo pa kite nou pwoche bò tribinal la ditou. Apre sa, yon pòtpawòl te parèt pou l li yon nòt-pou-laprès san l pat aksepte reponn pyès kesyon. E se tou."
Sepandan, kèk ti blòg gouvènman an bay detay sou evolisyon seyans la ofi-e-amezi avoka akizasyon yo tap prezante seri chèf-dakizasyon kap peze sou do Bo Xilai ; detay sa yo, daprè kèk obsèvatè, se yon bagay moun pat janm wè anvan nan listwa lajistis chinwaz.