Nan Ekwatè, Prezidan Rafael Correa fè konnen se posib pou li elimine jounal ekri nan peyi a kote l ka fòse jounal yo pibliye atik yo sou fòm dijital/nimerik sèlman, yon fason pou yo ekonomize papye.
Nan yon mesaj Misye Correa pibliye sou Twitter nan fen jounen lendi 19 out 2013 la, li sanble pwopoze yon referandòm sou posibilite pou jounal soti sou fòm dijital sèlman yon fason pou evite moun koupe twòp pye bwa nan peyi a.
Direktè Asosyasyon Ekwatoryen Direktè Jounal, Diego Cornejo, deklare li twò bonè pou moun konnen si vrèman prezidan an vle òganize yon referandòm sou kesyon an.
Prezidan Correa pa tèlman gen bon rapò ak jounal opozisyon an posede nan peyi Ekwatè. Mesaj prezidan an fè soti sou twitter a, se yon repons pou pwopozisyon referandòm ki vize bloke eksplwatasyon petwòl nan Pak Nasyonal Yasuni an -yon inisyativ ki jwenn apui “laprès ekrit” nan Ekwatè. Semèn pase a, Mesye Correa te anonse li mande kongrè a apiye pwojè konsènan rejyon Yasuni an.