Nan peyi Lejip, otorite yo poze arestasyon yon pòtpawòl Pati Frè Mizilman yo ak yon defansè fawouch gwoup la nan moman nouvo dirijan yo sanble yap ranfòse kanpay sere-boulon yo lanse kont patizan prezidan ranvèse a, Mohamed Morsi.
Pòtpawòl la rele Mourad Ali e li abitye pale nan non zèl politik pati Frè Mizilman yo; lapolis mete men sou misye mèkredi 21 out 2013 la nan ayewopò kapital la, Lekèr, tandiske defansè pati a, Safwat Hegazy, tonbe anba men otorite yo pandan li te sou fwontyè peyi a ak Libi.
Nan Washington, Prezidan Barack Obama te òganize, madi 20 out la, yon rankont avèk manm kabinè ministeryèl li a, nan kad yon revizyon asistans Lèzetanizi ap bay peyi Lejip. Nouvèl la fè konnen la Mezon Balmch ap balanse diferan fason li kapab reyaji devan operasyon sere-boulon gouvènman pwovizwa ejipsyen an lanse kont moun kap manifeste yo.
Nan yon konferans poulaprès pòtpawòl Mezon Blanch la, Josh Earnest, bay nan menm jounen madi a, li konfime rankont la dewoule vrèman; men li diminye enpòtans li. Misye Earnest demanti nouvèl ki parèt nan laprès e ki ta fè konprann administrasyon Obama a deja pran desizyon pou l koupe nan èd lap bay Lejip.
Daprè li, revizyon asistans la se yon operasyon kap kontinye toujou.
Josh Earnest di :“Revizyon Prezidan an te mande nan kòmansman mwa jiyè a, poko fini. E nouvèl ki parèt pou di le kontrè, kòmkwa Lèzetazini deja koupe nan asistans ap bay Lejip, se nouvèl ki pa byen fonde.”
Revizyon èd Washington ap bay Lejip la se yon operasyon ki sou pye depi lidè militè ejipsyen yo (avèk jeneral Abdel Fattah Al-sisi nan tèt yo) te bay prezidan ki te eli demokratikman an, Mohamed Morsi, yon koudeta. Rezondèt kou deta sa a, daprè otè aksyon an, sè ke misye Morsi t ap kite wout demokrasi a plis chak jou.