Nan peyi Siri, militan yo fè konnen fòs gouvènmantal yo itilize zam chimik nan atak yo lanse byen bonè mèkredi 21 out 2013 la tou prè kapital la, Damas, kote plizyè douzèn moun pèdi lavi yo.
Daprè Obsèvatwa Siryen pou Dwamoun nan ki gen baz li nan vil Lond, ann Angletè, lame lanse kèk kout motyè tèrib sou pozisyon ki nan pati lès ak lwès komin Ghouta. Gwoup la site militan ki sou plas e ki fè konnen lame te sèvi ak gaz anpwazonnen nan atak sa yo. Komite kowòdinasyon lokal opozisyon an pale tou pou l di se vre, militè yo itilize gaz nan operasyon mèkredi a.
Otorite yo nan gouvènman siryen an rejte akizasyon sa a. Zak vyolans sa yo ap dewoule nan moman kèk enspektè Nasyon Zini ki gen konesans nan zam chimik, twouve yo nan peyi a pou yon misyon 2 semèn pou yo mennen ankèt sou ensidan ki te dewoule nan le pase e kote chakenn nan 2 belijeran yo --lame siryèn nan ak militan rebèl yo-- youn akize lòt deske li te itilize zam chimik nan atak li yo.