Accessibility links

Breaking News

Ejip-Vyolans: 24 Sòlda Mouri sou Preskil Sinayi a


Nan peyi Lejip, militan ouvè koutzam sou polisye ki sou Preskil Sinayi a kote yo touye 24 nan yo pou pi piti. Rejyon preskil la anrejistre yon ogmantasyon nan zak vyolans yo depi lame te ranvèse gouvènman Prezidan Mohamed Morsi a nan kòmansman mwa pase a.

Militan yo lanse yon atak byen bonè lendi 19 out 2013 la, kote yo te tann yon anbiskab pou yon bis ki tap transpòte polisye yo tou prè vil Rafah, pa lwen ak fwontyè Preskil Sinayi a avèk Bann Gaza a.

Menm jounen lendi a, youn nan avoka kap defann ansyen prezidan ejipsyen Hosni Mubarak, pale pou l di kliyan li a pral jwenn liberasyon l anvan lontan. Vrèmanvre, avoka Fareed el-Deeb deklare yon tribinal ejipsyen anonse li jwenn Misye Mubarak pa koupab pou akizasyon koripsyon kap peze sou do l yo, akizasyon ki repete alegasyon kòmkwa li menm avèk pitit-gason l yo te pran lajan ki te pou sèvi pou aktivite palè nasyonal la epi yo fè wout kwochi avèk li.

Otorite lajistis yo pat an mezi pou yo konfime deklarasyon avoka el-Deeb la. Sepandan ajans France Press, ki site kèk sous jiridik, rapòte ansyen Prezidan Mubarak pral rete nan prizon sou akizasyon deske li genyen pou l reponn plis kesyon devan lajistis pou kèk lòt kòz.
XS
SM
MD
LG