Accessibility links

Breaking News

Yon Misyon Enspeksyon l’ONU ap Vizite Siri


Yon gwoup enspektè Nasyon Zini rive nan vil Damas, kapital Siri dimanch 18 out 2013 la, pou yo mennen ankèt sou nouvèl ki di lame sanble te sèvi ak zam chimik nan lagè sivil k ap dewoule nan peyi a.

Gwoup la, ki genyen 20 manm, pat pale ak laprès nan moman li tap debake nan ayewopò Damas la pou yon misyon kap dire 2 semèn.

Sa gwoup la pral chache konnen sèlman, se si zam chimik – pami yo genyen gaz « sarin » ak lòt ajan toksik- te sèvi nan lagè a, san l pa chache konnen ki pati ki te itilize yo.

Nan tèt misyon an nou jwenn espesyalis swedwa Ake Sellstone. Sa pa jodi a manm ekip la t ap fè efò pou yo te antreprann misyon sa a ; men efò yo te kontrarye plizyè fwa depi mwa avril 2013 la akoz diskisyon ki tap fèt sou kesyon pou konnen ki enfòmasyon gouvènman an nan Damas t ap kite yo jwenn e ki kote nan peyi a yo t ap gen pèmisyon ale mennen ankèt.

Gouvènman prezidan Bashar al-Assad la ak rebèl kap goumen pou yo ranvèse rejim nan, yo chak akize lòt la deske li itilize zam chimik. Daprè Lèzetazini, se yon etap gouvènman an pa dwe franchi nan lagè a ki deja koze lanmò 100 mil moun.
XS
SM
MD
LG