Accessibility links

Breaking News

Plis Apèl Ap Mande Lèzetazini Sispann Asistans li pou Lejip


Ozetazini, yon kantite manm kongrè a, k ap grandi plis chak jou, lanse apèl pou yo mande koupu èd Lèzetazini ap bay peyi Lejip, devan yon sitiyasyon politik ki pa sispann agrave e sitou aprè lame ejipsyèn nan te pase alaksyon pou l fè fas ak manifestan kap mande retou prezidan dechouke a, Mohamed Morsi, sou pouvwa a –yon operasyon ki touye plizyè santèn moun nan jou ki pase yo.

Mwa pase a, 2 senatè repibliken --John McCain ak Kelly Ayotte-- te mete ansanm pou yo elimine yon pwopozisyon-lwa ki te mande bloke asistans Lèzetazini ap bay Lejip.

Dimanch 18 out 2013 la, pandan yo tou lè 2 t ap patisipe nan pwogram kèk chèn televizyon amerikèn, yo fè konnen yo chanje lide yo. Senatè Ayotte, ki tap abòde sitiyasyon an ann Ejip nan pwogram Meet the Press sou NBC, deklare si Lèzetazini kontinye voye asistans bay Lejip, se yon move siyal lap voye bay lame peyi sa a ki vèse san yon bann ak yon pakèt moun semèn pase a.

Senatè Ayotte di : “Kounye a, avèk mouvman sere-boulon ki fèk dewoule a, mwen pa wè kouman nou kapab kontinye ak èd la. Mwen panse nou dwe sispann li. Malerezman mwen panse lame ejipsyèn nan gen enpresyon, kèlkeswa sa li fè, nou pral kontinye voye èd bay Lejip.”

Senatè demokrat Jack Reed –ki pale tou nan menm pwogram NBC a-- pataje opinyon senatè Ayotte la lè li di evènman ki fèk dewoule ann Ejip yo mande pou Lèzetazini chanje politik li vizavi Lekèr; men li ensiste sou nesesite pou Washington kontinye kenbe yon kontak aktif avèk Lejip.

Pandansetan, senatè repibliken Bob Corker --ki t ap pale sou chèn televizyon ABC, pi presizeman nan pwogram This Week-- fè konnen li panse li nesesè pou Lèzetazini fè yon kanpe sou asistans lap bay Lejip epi evolye èd sa a byen evalye, pou l kapab deside ki avni li pral bay asistans la. Si li prevwa Kongrè a pral rekòmande yon rediksyon --an tou ka yon chanjman kèlkonk nan èd la-- li atire atansyon sou le fèt ke Lèzetazini dwe sonje li genyen kèk enterè vital nan Lejip an patikilye e nan tout Mwayen Oryan an an jeneral.

Senatè Corker fè konnen : "Nou bezwen kowoperasyon yo nan pati nòdès Sinayi a. Nou bezwen kowoperasyon yo pou sa ki konsène antre-sòti nou nan Kanal Suèz la. Alòs, se pou n pran enterè nasyonal nou an konsiderasyon."

Menm pwogram ABC a te gen patisipasyon depite demokrat Eliot Engle ki fè konnen Lejip rete yon peyi trè zenpòtan pou Lèzetazni e gouvènman ameriken an pa ta dwe prese koupe lèd lap bay peyi sa a.

Lalwa amerikèn fè gouvènman an obligasyon pou l sispann asistans Lèzetazini ap bay yon peyi kote lame bay yon gouvènman eli yon koudeta. Sepandan, jiskaprezan, administrasyon Obama a poko itilize ekspresyon “kou deta militè a” lè l ap dekri ranvèsman Prezidan Mohamed Morsi a.
XS
SM
MD
LG