Accessibility links

Breaking News

Plizyè Santèn Mò ann Ejip. Pozisyon Prezidan Barack Obama


Nan peyi Lejip, otorite yo tabli yon eta dijans kap dire yon mwa, aprè gouvènman an te lanse yon operasyon sere-boulon kont patizan prezidan dechouke a, Mohamed Morsi –operasyon ki koze lanmò omwen 525 moun.

Se chif ki sòti bò kote Depatman Sante Piblik la ki fè konnen genyen 3 mil 700 lòt moun ki blese. Sepandan lidè pati Frè Muzilman yo --pati kap apiye Prezidan Morsi a- deklare kantite mò yo kapab depase 4 mil 500.

Kominote entènasyonal la kondane aksyon otorite ejipsyen yo. Youn nan pi gwo kondanasyon yo sòti bò kote Lèzetazini kote Prezidan Barack Obama reyaji pou l di administrasyon n nan kondane aksyon nouvo gouvènman an ak fòs zame a. Misye Obama anonse anilasyon egzèsis lame amerikèn nan ak militè ejipsyen yo ta pral fè ansanm e ki te genyen pou dewoule mwa pwochen an.

Prezidan Obama di: "Lèzetazini kondane ak tout fòs aksyon gouvènman pwovizwa a ak fòs zame a poze a. Nou regrèt zak vyolans ki fèt sou popilasyon sivil la. Nou apiye dwa inivèsèl ki esansyèl pou diyitè imèn –pami yo genyen dwa pou moun pwoteste nan lapè. Nou pa dakò ak enpozisyon lwa masyal ki anpeche sitwayen yo egzèse dwa sa yo, sou pretèks ke sekirite dwe gen priyorite sou libète endividyèl."

Prezidan Obama kontinye pou l di li bay ekip sekirite nasyonal li a lòd pou li pase sitiyasyon an an revi epi detèmine ki pwochen etap Lèzetazini dwe franchi. Li ensiste sou le fèt ke Washington pa pran pati-pri ni pou yon pèsonalite politik, ni pou yon pati nan peyi Lejip; e li swete yon tranzisyon demokratik ki kapab debouche sou lapè ak pwosperite.

Prezidan Obama deklare: "Lèzetazini pa kapab detèmine avni peyi Lejip. Sa, se travay pèp ejipsyen an, li menm. Nou pa nan pati-pri ni pou yon pati politik, ni pou yon pèsonalite politik. Mwen byen konnen ke, anndan peyi Lejip, gen moun ki gen tandans lage blam sou do Lèzetazuni, peyi oksidantal yo oubyen nenpòt ki lòt aktè ki andeyò peyi a, pou sa k pa bon ki pase ann Ejip. Men, an reyalite, sa nou vle, se yon Ejip ki gen lapè, ki demokratik e ki gen pwosperite. Se sa ki enterè nou. Men pou sa fèt, se ejipsyen yo, yo menm, ki pou fè travay la."

Mèkredi 14 out la deja, sekretè deta ameriken an, John Kerrry, te leve lavwa pou l kondane operasyon sere-boulon lame ejipsyèn nan lanse a e li te mande tout pati konsène yo eseye kalme sitiyasyon an epi fè efò ki nesesè pou plis moun pa pèdi lavi yo.
XS
SM
MD
LG