Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon Lapè ant Izrayelyen ak Palestinyen ap Kontinye nan Jerizalèm


Ofisyèl izrayelyen ak palestinyen retounen bò tab negosyasyon lapè yo mèkredi 14 out 2013 la nan vil Jeruzalèm. Se premye kontak dirèk yo pran nan 3 zan pou yo eseye rezoud pwoblèm ki poze antre yo, kèk semèn aprè yo te fè kèk chita-tande preliminè nan vil Washington, DC.

Relans istorik negosyasyon lapè yo ap dewoule san prezans laprès. Gouvènman izrayelyen an pibliye kèk imaj-video ki montre negosyatè prensipal li a (minis jistis Tzipi Livni), avèk prensipal negosyatè palestinyen an, Saeb Erekat, ki twouve yo fas a fas, yon kote sekrè nan vil Jerizalem. Laprès te wè medyatè ameriken an, Martin Indyk, avèk anbasadè Lèzetazini nan peyi Izrayèl, Martin Shapiro, pandan yo te sou wout pou yo ale nan lye negosyasyon yo.

Lidè Hamas yo, nan Gaza, rejte negosyasyon sa yo; yo kritike prezidan palestinyen an, Mohmoud Abbas, ki nan Si-Jodani, poutèt sa yo konsidere kòm konsesyon lap fè devan Izrayèl.
XS
SM
MD
LG