Accessibility links

Breaking News

Ejip/Vyolans – Plis Pase 400 Moun Mouri – Kondanasyon Entènasyonal


Ann Ejip, otorite yo tabli yon eta dijans aprè gouvènman an te lanse yon operasoyn sere-boulon kont patizan Prezidan Mohamed Morsi yo –operasyon ki koze lanmò omwen 420 moun.
Ann Ejip, otorite yo tabli yon eta dijans aprè gouvènman an te lanse yon operasoyn sere-boulon kont patizan Prezidan Mohamed Morsi yo –operasyon ki koze lanmò omwen 420 moun.
Nouvè ki sòti nan vil Lekèr, kapital peyi Lejip, fè konnen otorite yo tabli yon eta dijans kap dire yon mwa, aprè gouvènman an te lanse yon operasoyn sere-boulon kont patizan prezidan dechouke a, Mohamed Morsi –operasyon ki koze lanmò omwen 420 moun.

Kominote entènasyonal la kondane aksyon otorite ejipsyen yo; e youn nan pi gwo kondanasyon yo sòti bò kote Lèzetazini. Sekretè Deta ameriken an, John Kerrry, ki tap reyaji sou sitiyasyon an mèkredi 14 out 2013 la, deklare:

« Ejipsyen ki anndan ak sila yo ki andeyò gouvènman an, fèt pou fè yon pa an aryè. Yo dwe kalme sitiyasyon an epi evite koze lanmò plis moun. Se konsa tou nou rejte ak tout fòs desizyon otorite yo pran pou yo retounen ak lwa sou eta dijans la. »

Deklarasyon misye Kerry a reflete pozisyon La Mezon Blanch ki pa dakò ak etablisman eta dijans la e ki lanse apèl pou l mande fòs sekirite yo ann Ejip mete dlo nan diven yo.

Bò kote pa yo, lidè ewopeyen yo –pami yo genyen premye minis britanik la, David Cameron- mande gouvènman ejipsyen an ak opozan islamik li yo pran dispozisyon ki nesesè pou yo anpeche sitiyasyon an vin pi grav. Misye Cameron di :

«Sa ki nesesè nan peyi Lejip, se yon veritab tranzisyon ki debouche sou yon demokrasi veritab. Sa mande pou tout pati konsène yo fè konpwomi --nap pale, antwòt, de patizan Prezidan Morsi yo ak otorite militè yo. Se sa ki dwe fèt. Nou pa apiye solisyon vyolans la; nou kondane sa ak tout fòs nou. Se pa sa ki pral rezoud pwoblèm yo. »

Yon lòt reyaksyon sòti bò kote Oganizasyon Nasyon Zini. Eduardo del Buey se pòtpawòl Sekretè Jeneral Ban Ki-moon. Li fè konnen misye Ban rejte desizyon otorite ejipsyen yo pran pou yo sèvi ak lafòs pou yo koresponn ak manifestan pwo-Morsi yo. Misye Del Buey di:

« Sekretè Jeneral la kwè vyolans ak ankourajman nenpòt nan pati yo ta bay patizan yo pou yo komèt vyolans, se pa bon repons la. Se pa sa ki pral pèmèt Lejip fè fas ak defi ki devan n yo. »

Pami lòt reyaksyon ki tonbe nan kominote entènasyonal la, genyen pozisyon prezidan peyi Tuki a, Abdala Goul, ki fè konnen gouvènman ejipsyen an monte yon operasyon ame kont popilasyon sivil la e se yon aksyon ki innakseptab. Nan peyi Iran ak Katar, anpil patizan prezidan dechouke ejipsyen an pale nan menm sans ak Prezidan Abdala Goul.
XS
SM
MD
LG