Accessibility links

Breaking News

Repriz Negosyasyon Lapè yo ant Izrayelyen ak Palestinyen


Ofisyèl izrayelyen ak palestinyen retounen bò tab negosyasyon lapè yo mèkredi 14 out 2013 la nan vil Jerizalèm. -Se premye kontak dirèk yo pran nan 3 zan pou yo eseye rezoud pwoblèm ki poze antre yo. 2 pati yo te fè kèk rankont preliminè mwa pase a, nan Washington, kote yo te pran angajman pou yo pase o-mwen 9 mwa ap negosye sou kesyon tankou anvi refijye palestinyen yo, dosye pèpleman jwif yo avèk fwontyè yon futur eta palestinyen.

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, di se tou lè 2 kan yo ki rekonèt ijans ki genyen pou yo rezoud pwoblèm ki poze antre yo, espesyalman kesyon sekirite a ak pwoblèm fwontyè a. Byen anvan negosyasyon yo te tanmen mèkredi, chèf diplomasi Lèzetazini an te pale nan telefòn avèk premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, epi prezidan palestinyen an, Makmoud Abbas.

Youn nan manm delegasyon ofisyèl palestinyen kap patisipe nan negosyasyon yo, se Hanan Ashwari. Li pa mete dlo nan bouch li pou l denonse desizyon Izrayèl te pran, sa pa gen lontan, pou l otorize konstriksyon lòt kay kap vin konsolide pèpleman jwif yo.

Madam Ashwari deklare: "Se yon sabotaj eksprè e delibere negosaysyon yo, menm jan sa deranje tout posiblite pou nou tabli yon lapè veritab. Se sa nou jwenn nan politik sa a ki pa janm chanje e kote Izrayèl konstwi pèpleman, kote lap elaji espas pèpleman yo. Se klè ke, yon fwa ankò, Izrayèl ap chache manipile pwosesis la yon fason pou l kreye yon « fait accompli » sou teren an ki kapab rann negosyasyon yo pa nesesè, paske lzaryèl ap elimine davans rezilta nap chache yo epi lap chache plase li nan yon pozisyon de fòs pou l kreye yon pi gran Izrayèl."

Negosyasyon yo ap dewoule an prezans anbasadè ameriken an nan peyi Izrayèl, Martin Indyk, aprè 3 zan kote pat gen kontak ant 2 pati yo. Prensipal negosyatè izrayelyen an se minis jistis la, Tzipi Livni, tandiske nan tèt delegasyon palestinyen yo, nou jwenn Saeb Erekat kòm negosyatè prensipal.
XS
SM
MD
LG