WASHINGTON, DC —
Nan Mali, responsab elektoral yo kòmanse konte bilten yo aprè dezyèm tou eleksyon prezidansyèl ki dewoule nan peyi a pou sitwayen yo chwazi moun ki pral dirije nasyon an nan moman Mali ap chache soti nan vyolans ak twoub politik ki dire 18 mwa.
Elektè yo te vote, dimanch 11 out 2013 la, e otorite yo gen jiska vandredi pou yo anonse rezilta ofisyèl yo.
Eleksyon sa a te mete ansyen premye minis Ibrahim Boubacar Keita an fas ansyen minis finans Soumalia Cisse aprè pyès kandida pat ranpòte ase vwa nan premye tou eleksyon ankite dewoule 28 jiyè 2013 la. Misye Keita te ranpòte 40 pou san vwa yo, tandiske Misye Cisse te jwenn apeprè 20 pou san.
Prezidan delegasyon obsèvatè Inyon Ewòp la, Louis Michel, deklare eleksyon an te byen pase e obsèvatè li yo pat konstate anyen ki ta fè yo konprann vòt la te gen koken ladan n.