Accessibility links

Breaking News

Apui Lalmay pou Repriz Negosyasyon yo ant Izrayelyen ak Palestinyen.


Repriz negosyasyon lapè yo se yon moman enpòtan pou lemond antye”, deklarasyon minis afè etranjè peyi Laymay la, Guido Westerwelle.
Repriz negosyasyon lapè yo se yon moman enpòtan pou lemond antye”, deklarasyon minis afè etranjè peyi Laymay la, Guido Westerwelle.
Minis afè etranjè peyi Laymay la, Guido Westerwele, rankontre ak presidan izrayelyen an, Shimon Perèz, e ak lòt ofisyèl nan gouvènamn eta ebre a pou l te fè yo konnen Lewòp apiye efò kap fèt pou relanse lapè ant Izrayèl ak Palestinyen yo.

Misye Westerwelle ap fè yon vizit ann Izrayèl nan moman 2 pati yo ap pare pou yo rankontre nan vil Jerizalèm nan dat 14 zout kap vini la a. Misye Westerwelle di otorite izrayelyen yo:

« Se yon moman trè, trè zenpotan pou peyi nou an; se yon moman trè, trè zenpotan pou tout rejyon an; e mwen panse tou se yon moman trè, trè zenpotan pou lemond antye. Sa vle di, tout moun nan kominote entènasyonal la, espesyalman Lewòp, konnen se reponsablite yo pou yo apiye negosyasyon dirèk sa yo. »

Bò kote pa l, minis jistis izrayelyen an, Tzipi Livni --prensipal reprezantan Izrayèl nan negosyasyon avèk Palestinyen yo-- fè konnen moun ta dwe evite tabli yon rapò ant relasyon ant Izrayèl ak Lewòp, epi konfli izrayelo-palestinyen an. Madam Livni deklare:

« Mwen panse se yon okazyon pou n di nou ta dwe fè diskisyon sou avni fwontyè ant Izrayèl ak yon futur eta palestinyen epi mete n dakò sou lizyè fwontyè sa a nan negosyasyon ant Izrayelyen ak Palestinyen, e non pa plase yo nan kad yon desizyon Lewòp ta pran, tankou nou wè sa nan yon pwopozisyon ewopeyen yo te pibliye sa gen kèk semèn. Mwen panse relasyon ant Izrayèl ak Lewòp se yon kesyon totalman a-pa. »

Menm negosyatè palestinyen yo mande kominote entènasyonal la pou l kondane plan ewopeyen an, paske, daprè yo, li ta kapab minen chans pou lapè fèt ant 2 pati yo.

Dènye negosyasyon lapè dirèk ant Izrayelyen ak Palestinyen te echwe nan lane 2010.
XS
SM
MD
LG