Accessibility links

Breaking News

Ejip-Politik: Patizan Prezidan Morsi yo Kontinye Manifeste


Ann Ejip, patizan prezidan ranvèse a, Mohamed Morsi, kontinye manifeste pou yo mande retou li sou pouvwa a malgre avètisman gouvènman an ki di li pral degèpi yo.
Ann Ejip, patizan prezidan ranvèse a, Mohamed Morsi, kontinye manifeste pou yo mande retou li sou pouvwa a malgre avètisman gouvènman an ki di li pral degèpi yo.
Nan peyi Lejip, patizan prezidan ranvèse a, Mohamed Morsi, kontinye manifestasyon yap fè pou mande retou li sou pouvwa a malgre avètisman gouvènman an ki di otorite yo pral pase a laksyon pou l fè yo bay lari a blanch.

Moun kap apiye prezidan dechouke a ak patizan nouvo gouvènman an pa sispann manifeste –chak gwoup nan kote pa li-- depi 3 jiyè pase a, dat kote lame te chavire rejim Misye Morsi a.

Medyatè arab ak oksidantal, mete sou kèk manm wo-plase nan nouvo gouvènman ejipsyen an, gen kèk jou depi yap eseye pran tèt lame pou l pa sèvi ak lafòs pou l gaye manifestan yo, paske yo pè pou sa pa debouche sou yon lòt larivyè san.

Otorite yo gen lontan deja depi yap lanse avètisman pou di yo pral aji kont manifestan pwo-Morsi yo e sa kapab fèt depi lendi 12 out la; men jounen an kòmanse san okenn siyn ki ta montre fòs de lòd yo pral pase a laksyon.
XS
SM
MD
LG