Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Raple Diplomat ki pa Esansyèl nan Konsila li nan Vil Lahor, Pakistan


Pèsonèl sekirite pakistanè ap fè pòs devan konsila ameriken an nan vil Lahor (Foto: 9 out 2013).
Pèsonèl sekirite pakistanè ap fè pòs devan konsila ameriken an nan vil Lahor (Foto: 9 out 2013).

Depatman Deta ameriken an pase lòd pou manm pèsonèl ki pa esansyèl nan konsila Lèzetazini nan vil Lahor, nan Pakistan, kite peyi sa a akoz menas li pa presize. Madam Meghan Gregoris, pòtpawòl anbasad amerikèn nan Islamabad, fè konnen desizyon an se yon dispozisyon otorite yo pran pa mezi de prekosyon, aprè Depatman Deta fin resevwa enfòmasyon konsènan menas ki ta vize konsila a nan Lahore.

Se konsa tou, Depatman Deta a lanse yon avètisman kont vwayaj nan Pakistan, kote li bay sitwayen ameriken yo konsèy pou yo ranvwaye tout vwayaj nan peyi sa a ki pa esansyèl, akoz sa avètisman an rele “preokipasyon domèn sekirite a pwovoke” nan peyi sid-azyatik la. Nan yon deklarasyon Depatman Deta a pibliye byen ta jedi 8 out 2013 la, li di prezans divès gwoup teworis (nasyonal e etranje) nan Pakistan, poze yon danje potansyèl pou sitwayen ameriken kèlkeswa kote yo ye nan peyi sa a.

Daprè pòtpawòl Meghan Gregoris toujou, pou le moman menas la sòti nan vil Lahor; men moun pa konnen egzakteman si sa gen rapò ak menas ki te oblije gouvènman ameriken an fèmen 19 misyon diplomatik nan rejyon Mwayen Oryan an ak Afik di Nò. Anvan sa, Lèzetazini te wete tout manm pèsonèl li nan anbasad amerikèn nan nan peyi Yemèn.
XS
SM
MD
LG