Accessibility links

Breaking News

Siri: Gouvènman an Demanti Yon Atak Ta Fèt sou Kòtèj Prezidan al-Assad


Kat jewografik peyi Siri
Kat jewografik peyi Siri
Nan Damas, kapital peyi Siri , otorite yo demanti nouvèl ki fè konnen enkoni tire sou kòtèj Prezidan Bashar al-Assad pandan li te sou wout pou l ale nan yon moske. Minis enfòmasyon an, Omran al-Zoubi, deklare li konsidere nouvèl sa a kòm yon gwo manti.
Televizyon leta difize imaj ki montre Misye al-Assad ki tap priye nan yon moske nan kapital la, nan okazyon fèt relijye mizilman Eid-al-Fitr, ki make fen peryòd Ramadan an.

Obsèvatwa Dwamoun siryen an, ki baze nan vil Lond, ann Angletè, fè konnen kout mòtye al tonbe tou prè komin Malki, nan sant vil Damas, men li pa konfime nouvèl ki pale de atak ki ta fèt sou kòtèj Prezidan Assad la.

Li difisil pou laprès jwenn konfimasyon evennman kap dewoule nan peyi Siri yo, paske otorite yo mete limit sou aktivite medya entènasyonal yo.
XS
SM
MD
LG