Accessibility links

Breaking News

Ejip/Politik : Lèzetazini Swete Yon Tranzisyon Demokratik


Nan Lejip, gouvènman pwovizwa a bay yon repons chaje fwadè pou apèl Lèzetazini lanse pou l mande yon dyalòg nasyonal nan peyi a.
Nan Lejip, gouvènman pwovizwa a bay yon repons chaje fwadè pou apèl Lèzetazini lanse pou l mande yon dyalòg nasyonal nan peyi a.
Nan Lejip, gouvènman pwovizwa a bay yon repons chaje fwadè pou apèl Lèzetazini lanse pou l mande yon dyalòg nasyonal nan peyi a. Patizan presidan lame dechouke a, Mohamed Morsi, fè konnen pa kapab genyen pyès dyalòg toutotan misye Morsi pa retounen sou pouvwa a.

Madi 6 zout la, Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, te mande yon fen nan zak vyolans yo, e yon mesaj menm jan te sòti bò kote Washington. 2 senatè ameriken, John McCain ak Lindsay Graham, twouve yo nan vil Lekèr e yo lanse bay gouvènman pwoviwa a yon apèl ki mande yon tranzisyon demokratik avèk tout moun bò tab la. Senatè McCain di :

« Nou ensiste pou yo lage prizonye politik yo. Nou ensiste tou sou yon dyalòg nasyonal, yon dyalòg nasyonal avèk patisipasyon tout pati, san bliye Pati Frè Mizilman yo; an menm tan tou, nou espere Frè Muzulman yo pral sispann koze zak vyolans. »

Lejip okipe yonplas enpòtan sou lis peyi ki resevwa asitans nan men Lèzetazini, swa yon milya 500 milyon dola pa ane –yon chif ki fè l okipe 2èm plas la dèyè Izrayèl.

Lalwa amerikèn oblije gouvènman Lèzetazini an koupe èd li pou yon peyi si otorite ki te eli demokratikman nan peyi sa a pèdi pouvvwa nan yon koudeta.

Jiskaprezan, gouvènman pwoviza a nan Lekèr rejte pawòl kap di ranvèsman Prezidan Morsi a se rezilta yon koudeta militè.
XS
SM
MD
LG