Nouvo anbasadè Lèzetazini nan Oganizasyon Nasyon Zini an, Samantha Power, prezante lèt-de-kreyans li bay Sekretè Jeneral Ban Ki-moon lendi 5 out 2013 la. Nan diskou diplomat ameriken an fè nan sikonstans la, li di genyen anpil kesyon enpòtan kote Lèzetazini ak l’ONU kapab travay ansanm pou yo pote chanjman pozitif. Madam Power deklare :
« Nou genyen anpil bagay nou pral diskite nan katye-jeneral l’ONU an e gen plis travay pou n fè toujou : Kit se dosye teworism nan, kit se divès domèn kote pwoblèm sekirite poze… moun kap mouri pa bann e pa pakèt nan Siri ak Sid-Soudan… efò pou n diminye lamizè nan lemond … Operasyon sere-boulon kap fèt sou sivil nan anpil peyi nan lemond. Kidonk, genyen yon bann domèn kote Nasyon Zini ak Lèzetazini kapab travay ansanm pou yo pote pwogrè. »
Samantha Power genyen 42 zan. Li se yon ansyen jounalis e yon pwofesè inivèsite ki te ranpòte Pri Pulitzer a pou yon liv li ki rele A Problem for Hell: America and the Age of Genocide. Se yon ansyen asistan espesyal Prezidan Barack Obama epi direktris Afè Miltilateral ak Dwamoun nan Konsèy Sekirite Nasyonal Lèzetazini an. Anbasadris Power te pran nesans nan peyi Irland; lap ranplase Susan Rice ki tounen Konseye Sekirite Nasyonal Prezidan Obama.