Accessibility links

Breaking News

Ejip/Politik: Pati Frè Mizilman Rejte tout Kontak ak yon Delegasyon Etranje


Senatè ameriken Lindsey Graham (adwat) ap pale e kòlèg li, Senatè John McCain, ap tande pandan yon konferans pou laprès yo tap bay nan vil Lekèr (Dat: 6 out 2013).
Senatè ameriken Lindsey Graham (adwat) ap pale e kòlèg li, Senatè John McCain, ap tande pandan yon konferans pou laprès yo tap bay nan vil Lekèr (Dat: 6 out 2013).
Nan peyi Lejip: Pati Frè Mizilman yo fè konnen yon rankont ant youn nan lidè gwoup islamik la, Khairat el-Shater, avèk kèk delege entènasyonal te chaje ak tansyon e li pa bay bon rezilta.

Misye El-Shater --vis-prezidan pati a ki nan rezidans siveye sou akizasyon deske li te ankouraje moun fè vyolans-- rankontre ak Sekretè Deta Adjwen Lèzetazini an, William Burns, e ak yon gwoup diplomat ewopeyen e arab.

Daprè yon pòtpawòl Frè Mizilman yo, Misye El-Shater di delege yo yap pèdi yo lè yo vin rankontre avèk li a; paske yo ta dwe al rankontre pito avèk prezidan ke lame dechouke a, Mohamed Morsi. Depatman Deta a di li pa gen okenn plan pou diplomat li rankontre ak Misye Morsi.

Sou demand La Mezon Blanch, 2 senatè ameriken ki gen anpil enfliyans, John McCain ak Lindsay Graham, twouve yo tou nan vil Lekèr, kapital Lejip, pou yo rankontre lidè militè yo. Lèzetazini ankouraje ejipsyen yo pou yo evite vyolans epi fòme yon gouvènman tranzisyon ki genyen reprezantan tout pati ladan n.
XS
SM
MD
LG