Accessibility links

Breaking News

Lòd Depatman Deta : Pèsonèl Anbasad Amerikèn nan Yemèn Dwe Rantre Ozetazini.


Foto sa a montre moun kap antre nan eyewopò entènasyonal vil Sanaa pandan yap kite Yemen (Dat: 6 out 2013).
Foto sa a montre moun kap antre nan eyewopò entènasyonal vil Sanaa pandan yap kite Yemen (Dat: 6 out 2013).
Daprè lòd ki sòti nan Depatman Deta, pèsonèl anbasad Lèzetazini nan Yemèn pati kite peyi sa akoz menas teworis, nan moman otorite ameriken yo kontinye entèsepte kominikasyon rezo al-Kaida a ki te oblije yo fèmen anbasad ak konsila nan preske 2 douzèn peyi pou rezon sekirite.

Nan yon deklarasyon Depatman Deta pibliye madi 6 out 2013 la, li mande anplwaye ki pa esansyèl yo kite Yemèn e li bay tout sitwayen ameriken kap viv nan peyi a konsèy pou yo pati, devan posibilite non sèlman pou atak teworis dewoule laba a, men tou kapab genyen nan Yemèn dezòd piblik ki ektrèmman danje. Pòtpawòl adjwen Depatman Deta a, Marie Harf, te bay laprès kèk detay lendi sou rezon-dèt desizyon an. Madam Harf di:

« Nou kontinye revize evalyasyon nou sou menas la. Tankou moun kapab konprann sa, nou kontinye resevwa plis enfòmasyon; ofiamezi enfòmasyon yo ap vini, nou pral evalye bezwen nou nan domèn sekirite a pandan nap avanse ak dosye a. »

Graeme Bannerman, se direktè-fondatè yon enstiti ki baze nan Washington, DC, e ki fè etid ak rechèch sou Mwayen Oryan an. Li fè konnen tout menas sou anbasad ki nan yon rejyon osi eksplozif ke Pwòch Oryan an, se menas otorite yo dwe pran o-serye. Misye Bannerman ajoute :

« Si ou responsab sekirite yon anbasad, premye reyaksyon w se fèmen anbasad la, pwen final. Se sa ou sipoze fè, paske ou pa kapab pran chans kite yon bagay tèrib rive. »

Lagrann Bretay pran desizyon tou pou l raple tout pèsonèl anbasad li nan peyi Yemèn akoz kè-sote otorite britanik yo genyen pou sekirite diplomat yo. Pandansetan, anbasad Lafrans, Lalmay ak Nòvèj nan vil Sanaa, kapital Yemèn, kontinye rete fèmen annatandan gouvènman peyi sa yo pran yon desizyon sou yon posib re-ouvèti pi ta nan semèn nan.
XS
SM
MD
LG