Accessibility links

Breaking News

Ejip/Politik: Patizan Prezidan Morsi yo Mande Plis Pwotestasyon Piblik


Yon patizan Prezidan dechouke Mohammed Morsi kouvri bouch li ak yon tep ki gen sou li pawòl sa yo: "Koudeta Militè," pandan kèk lòt ap chante slogan kont Minis Defans la, Gen. Abdel-Fattah el-Sissi.
Yon patizan Prezidan dechouke Mohammed Morsi kouvri bouch li ak yon tep ki gen sou li pawòl sa yo: "Koudeta Militè," pandan kèk lòt ap chante slogan kont Minis Defans la, Gen. Abdel-Fattah el-Sissi.
Nan peyi Lejip, patizan prezidan Mohamed Morsi --ke lame te ranvèse nan kòmansman mwa jiyè 2013 la aprè plizyè mwa pwotestasyon popilè-- ap òganize lòt manifestasyon vandredi 2 zout 2013 la, menmsi gouvènman pwovizwa a menase pou l kraze 2 meeting-de-mas gwoup islamik yo ap patwone. Manifestan yo egzije retou Misye Morsi sou pouvwa a.

Patizan lidè dechouke a lanse apèl pou yo mande plis manifestasyon nan moman gouvènman ameriken an sanble manifeste pi gwo apui li jiskaprezan pou aksyon lame ejipsyèn nan te poze a. Sekretè Deta John Kerry –ki tap abòde sitiyasyon an ann Ejip jedi-- deklare –nap site: “An fèt, lame ejipsyèn nan te pase a laksyon pou l retabli demokrasi lè l te ranvèse gouvènman Morsi a…” fen sitasyon.

Nan yon entèvyou chèf diplomasyi amerikèn nan bay yon chèn televizyon nan peyi Pakistan, li di –nap site ankò: “Se dè milyon e dè milyon sitwayen ki te mande entèvansyon lame ejipsyèn nan; paske tout moun sa-yo te pè devan yon sitiyasyon kote se nan labim peyi a tap desann. “ Fen sitasyon.

Misye Kerry kontinye pou l di jiskaprezan pa gen okenn prèv ki ta montre otorite militè yo pran kontwòl peyi a nan men sivil yo. Pandansetan, òganizasyon dwamoun yo lanse apèl bay nouvo otorite ejipsyen yo pou mande yo pa sèvi ak lafòs pou yo kontwole manifestasyon patizan Misye Morsi yo ap òganize nan kapital la, vil Lekèr.
XS
SM
MD
LG