Accessibility links

Breaking News

Fijitif Ameriken Edward Snowden Jwenn Azil nan Larisi - Desepsyon pou Lèzetazini


Imaj chèn televizyon Russia24 TV ((jedi premye out 2013) ki montre avoka ris Anatoly Kucherena (2èm, adwat) avèk Edward Snowden (nan mitan, li bay kamera a do).
Imaj chèn televizyon Russia24 TV ((jedi premye out 2013) ki montre avoka ris Anatoly Kucherena (2èm, adwat) avèk Edward Snowden (nan mitan, li bay kamera a do).
Fijitif Edward Snowden, yon sitwayen ameriken lajistis Ozetazini ap chache pou aktivite espyonaj, kite yon pwen tranzit nan yon ayewopò vil Moskou kote li te pase 30 jou, aprè otorite ris yo te deside bay li azil pwovizwaman –pi presizeman, pou yon ane renouvlab.

Lèzetazini kritike desizyon Moskou a, tandiske kèk òganizasyon dwamoun bat bravo pou li. Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, repete Larisi ta dwe ekspilse Edward Snowden pou misye retounen Ozetazini e reponn akizasyon kap peze sou do li yo. Misye Carnery di:

“Misye Snowden se pa yon moun ki wè yon move bagay kap fèt epi li leve lavwa pou l denonse sa. Li anba akizasyon deske li mete deyò enfòmasyon sekrè ak divès lòt vyolasyon lalwa. alòs, yo ta dwe voye l tounen le pli to posib Ozetazini kote sistèm jistis la va respekte dwa li e kote lap jwenn pwoteksyon.

Kèk òganizasyon dwamoun fè Moskou konpliman pou desizyon li pran pou l bay Edward Snowden azil politik la. Sepandan, yon veteran nan domèn defans dwamoun nan Larisi, Ludmilla Elexeyeva, atire atansyon sou lefèt ke demand fijitif ameriken an fè pou l egzèse libète li genyen pou l bay moun enfòmasyon, fè misye al ateri nan yon peyi ki pa tèlman respekte libète endividyèl yo. Madam Elexeyeva deklare:

“Mwen panse se yon trajedi. Natirèlman, 30 jou li pase nan ayewoopò a sete yon peryòd difisil pou li. Daprè mwen, pandan tout tan li te nan èpòt la, se pa ti trakase responsab sèvis sekirite ak sèvis sekrè Larisi yo pat trakase li. Men, mwen kwè li pral rejwenn moral li nan lavni. “

Sa gen 2 mwa, Edward Snowden, ki genyen 30 tan e ki tap travay sou kontra pou Konsèy Sekirite Nasyonal Lèzetazini an, te pibliye detay sou pwogram siveyans konsèy la mete sou pye pou l swiv aktivite sitwayen ameriken yo ap mennen sou entènèt la ak konsèvasyon telefònik yo, yon fason pou otorite yo kapab dejwe plan teworis genyen pou yo atake Lèzetazini.
XS
SM
MD
LG