Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon Lendi nan Washington sou Lapè nan Mwayen Oryan an


Negosyasyon ant ofisyèl izrayelyen ak palestinyen ap dewoule nan Washington lendi 29 jiyè 2013 la aprè 2 pati yo pat rankontre depi 3 zan.
Negosyasyon ant ofisyèl izrayelyen ak palestinyen ap dewoule nan Washington lendi 29 jiyè 2013 la aprè 2 pati yo pat rankontre depi 3 zan.
Negosyatè izrayelyen ak palestinyen gen pou yo rankontre lendi 29 jiyè 2013 la nan Washington pou yo fè chita-tande preliminè sou mwayen pou yo relanse negosyasyon lapè yo ki bloke depi preske 3 zan.

Sekretè deta ameriken an, John Kerry, pral resevwa pensipal negosyatè Izrayel la, Tzipi Livni, ak negosyatè an chèf palestinyen an, Saeb Erekat, nan yon dine ki pral dewoule lendi swa kote yo pral kòmanse diskisyon yo. 2 pati-yo gen pou yo reyini yon 2èm fwa madi pou plis chita-tande.

Msye Kerry deklare li kontan deske lidè palestinyen ak izrayelyen montre volonte pou yo pran desizyon difisil ki nesesè pou yo rive nan pwen kote yo ye jounen jodi a, sètadi bò yon tab kote yo kapab relanse negosyasyon yo.

Nan jounen dimanch la, Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, te rive simonte yon gwo opozisyon nan kabinè li a kote minis yo fin pa apwouve yon desizyon pou gouvènman an libere kèk prizonye palestinyen. Vrèmanvre, 100 prizonye pral jwenn liberasyon yo nan 4 etap.

Nan yon efò aparan pou kalme kè-sote piblik la genyen konsènan posiblite pou gouvènman an remèt otorite Palestinyen yo kèk pòsyon tè, kabinè izrayelyen an vote tou pou l mete devan pèp la, nan yon referendum nasyonal, nenpòt akò final li ta jwenn sou kreyasyon yon eta palestinyen.
XS
SM
MD
LG