Accessibility links

Breaking News

Ejip/Politik: Konfwontasyon Kontinye ant Patizan ak Advèsè Prezidan Mohamed Morsi


Nan Lejip, patizan prezidan ranvèse a, Mohamed Morsi, mande pèp la mache sou kazèn lame a ak Depatman Defans la lendi 29 jiyè 2013 la, pandan yo kontinye denonse gouvènman pwovizwa a.
Nan Lejip, patizan prezidan ranvèse a, Mohamed Morsi, mande pèp la mache sou kazèn lame a ak Depatman Defans la lendi 29 jiyè 2013 la, pandan yo kontinye denonse gouvènman pwovizwa a.
Nan peyi Lejip, patizan prezidan ranvèse a, Mohamed Morsi, mande pèp la pou l mache sou kazèn lame a ak biwo Depatman Defans la lendi 29 jiyè 2013 la, pandan yo kontinye denonse gouvènman pwovizwa lame te enstale nan kòmansman mwa a.

Gwoup kap defann gouvènman Morsi a fè parèt yon deklarasyon kote yo mande ejipsyen yo pran beton an tou madi 30 jiyèa pou yo fè sa deklarasyon an rele

“yon mach yon milyon moun”.

Apèl sa a al jwenn –nap site

“tout siwayen ki pa dakò ak ranvèsman gouvènman Prezidan Morsi a e ki vle rejwenn libète yo aj diyite yo…“ Fen sitasyon.
XS
SM
MD
LG