Nan peyi Lespay, gouvènman an ouvè yon ankèt sou yon aksidan tren ki lakoz lanmò 80 moun pou pi piti, tandiske 140 blese. Aksidan sa a rive tou prè vil Santiago de Compostela, nan pati nò peyi a, kote otorite yo ap kesyone chofè tren an ki te kite ray li pou koze aksidan ki pi tèrib ki fèt nan peyi a depi 40 tan.
Aksidan an rive mèkredi 24 jiyè 2013 la, lavèy yon gwo fèt rejyonal --an palan de festival relijye kote yo selebre Sen Patwon vil la, Sen Jak-- yon selebrasyon ki toujou dewoule an prezans pèlren ki sòti toupatou nan lemond. Nan jounen jedi 25 jiyè a, Premye Minis espayòl la, Mariano Rajoy, ki te pran nesans nan vil Santiago de Compostela, te al vizite lye aksidan an ak viktim ki blese yo. Premye Minis Rajoy di:
“Pou yon natif-natal vil Santyago tankou mwen, nou mèt kwè m, jounen Sen Patwon sa a se jounen ki pi tris nan tout vi m. Nan pwòp non pa m, nan non gouvènman espayòl la e nan non tout sitwayen espayòl ki ka santi map pale pou yo nan sa m pral di la a, mwen vle prezante kondoleyans mwen bay tout fanmi, tout zanmi moun ki mouri yo ; e malerezman moun ki mouri yo anpil.”
Gouvènman espayòl la dekrete 3 jou dèy nasyonal pou onore viktim aksidan an. Otorite yo lanse 2 ankèt pou konnen kijan aksidan tèrib sa a fè rive e kijan pou yo evite l nan lavni ; nan tèt youn nan ankèt sa yo genyen otorite lajistis yo; epi responsab yo nan Depatman Travo Piblik ap mennen lòt la.