Nan peyi Tinizi, pèp la pare pou plis mouvman pwotestasyon vandredi 26 jiyè 2013 la, nan moman kèk gwoup politik lanse apèl pou yo mande yon grèv jeneral kòm reyaksyon aprè asasina youn nan pi gwo lidè opozisyon politik la, Mohamed Brahmi, ki pat konnen mete dlo nan bouch li pou l di sa l panse sou gouvènman an plas la.
Nèg ame moun pa idantifye te ouvè kout-zam sou misye Brahmi jedi 25 jiyè a e yo touye li pandan li te devan lakay li nan kapital la, Tinis. Li te fè pati yon gwoup non-relijye ki rele Pati Fwon Popilè a. Li te abitye kritike piblikman gouvènman ki sou pouvwa a, kote majorite lidè yo se eleman islamis. Misye Brahmi tap patisipe nan redaksyon yon nouvo konstitisyon pou peyi a.