Accessibility links

Breaking News

Ejip/Teworism: Yon Eksplozyon Bonm Touye yon Moun e Blese 18 lòt Omwen.


Daprè nouvèl ki sòti nan vil Lekèr, kapital Lejip, otorite yo di yon eksplozyon ki fèt mèkredi 24 jiyè 2013 la, nan yon pòs-polis nan Delta Flèv Nil la, touye yon moun omwen e blese 18 lòt pou pi piti.

Responsab sekirite yo fè konnen eksplozyon an rive nan vil Mansoura, sou yon distans 100 kilomèt o-nò Lekèr, kote atakan moun pa idantifye e ki tap sikile nan yon machin, te lanse yon bonm.

Atak sa a rive aprè plizyè semèn dezòd politik ki dewoule ann Ejip kòm reyaksyon ki swiv aksyon lame te poze pou l ranvèse prezidan Mohamed Morsi.

Yon pòtpawòl prezidan pwovizwa a, Adly Mansour, fè konnen eksplozyon bonm nan se yon zak teworis; men –nap site : « Sa pap fè Lejip devye sou wout li », fen sitasyon.
XS
SM
MD
LG