Accessibility links

Breaking News

Toune Prezidan Martelly nan Pati Nò Peyi d Ayiti


Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly
Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly
Prezidan Michel Martelly ap pase yon 2èm. jounen nan Nò peyi d Ayiti kote l ap sipèvize plizyè pwojè sosyal ak enfrastrikti. Korespondan nou nan vil Kap Ayisyen, Yvan Martin Jasmin, di nou manifestasyon dewoule an favè ak kont chèf deta a pandan vizit sa a.

Vrèmanvre, pandan premye jounen sejou Misye Martelly nan Metwopòl Nò a, rara te pan lari pou moun montre kijan yo apresye vizit la, tandiske, yon lòt kote, yon manifestasyon dewoule pou denonse fason ekip gouvènmantal la ap dirije peyi a. Daprè korespondan nou, nan tèt manifestasyon sa a te genyen youn nan senatè Depatman Nò yo, Moise Jean-Charles.

Klike sou « koute » pou swiv yon repòtaj Yvan Martin Jasmin.
XS
SM
MD
LG