WASHINGTON, DC —
Nan La Grand Bretay, otorite yo pibliye yon kominike ofisyèl pou anonse madanm prens William nan, Kate, akouche. Li fè yon ti gason ki se yon eritye twòn wayal la. Se yon “crieur public “ ki te anonse akouchman an devan lopital Saint Mary a nan sant-vil Lond. “Crieur-la” di awotvwa :
« Nou akeyi ak imilite nesans yon « futur » wa. Se premye pitit Dik ak Dichès Cambridge la ! »
Kominike a, ki sòti nan Buckingham Palace, presize ti gason koup wayal la pran nesans lendi 22 jiyè 2013 la e li peze 8 liv 6 ons . Dapre otorite britanik yo, Duchès Catherine ak ti bebe a pòte yo trè byen e yo pase nuit la nan lopital la. Premye minis David Cameroun konsidere nesans sa a kòm yon moman enpòtan pou La Grand Bretay. Li deklare apre anons nesans bebe a :
« 2 zou 3 ane ki pase yo, sete kèk ane remakab pou fanmi wayal nou an avèk yon maryaj wayal ki te touche kè tout moun; yon jibile mayifik e ekstrawòdinè, epi, konnye a, se nesans yon bebe wayal. Tou sa rive nan yon fanmi ki rann peyi a anpil bon sèvis, e moun dwe konnen se yon nasyon fyè kap selebre avèk yon koup trè fyè e trè kontan. »
Nan yon deklarasyon tou kout Prince William fè, li di:
« Mwen pa ta kapab pi kontan ke sa » fen sitasyon.
Mesaj soti toupatou nan lemond pou felisite koup wayal la . Par egzamp, prezidan ameriken an, Barack Obama, ak premyè dam Lèzetazini an, Michelle, pale pou yo di yo swete koup la tout bonè ak benediksyon evennman sa a pote avèk li.
Plizyè santèn jounalis medya entènasyonal te twouve yo devan lopital Saint Mary a nan vil Lond. Devan Buckingam Palace la menm, yon foul moun te prezan pou eksprime kontantman yo lè nouvèl te tonbe pou anonse nesans bebe wayal la ki se 3èm moun ki sou lis la nan liye wayal la --ou ankò 3e nan lòd siksesyon pou twòn wayal britanik la; sa vle di tou li pran 3èm plas la nan men Prince Harry nan liye wayal la. Fanmi wayal la poko di ki non yopral bay bebe a.