Fanmi wayal britanik la anonse Madanm Prens William nan, Kate, antre lopital e li nan premye faz akouchman. Daprè otorite yo, Kate ak William –ki te pase fen semenn nan nan Palè Kensington nan- te antre nan lopital Saint Maria nan sant vil Lond anvan 6 zè di maten, swa 5 kè GMT, lendi 22 jiyè 2013 la.
Daprè yon lwa ke palman britanik la poko apwouve, lè pitit la fèt, lap gen stati yon “futur” wa oubyen yon « future » rèn. Konsa, lap wete Prens Harry nan 3èm plas la pami moun ki sou lis pou okipe twòn nan : lap vini aprè pi gran pitit-gason Rèn Elizabeth la, Prens Charles, epi premye pitit-gason Prens Charles la, Prens William.
Pandan dè syèk, tradisyon britanik yo toujou bay eritye gason yo priyorite ; kidonk menmsi yon tifi se premye pitit, li toujou pèdi priyorite a sou lis eritye yo si li genyen yon frè ki pi jèn pase li.