Accessibility links

Breaking News

Rankont Sekretè Deta John Kerry avèk Negosyatè Palestinyen Saeb Erekat


Sekretè Deta John Kerry (adwat) avèk prensipal negosyatè palestinyen an, Saeb Erekat (Foto achiv).
Sekretè Deta John Kerry (adwat) avèk prensipal negosyatè palestinyen an, Saeb Erekat (Foto achiv).
Nan kad yon toune ki mennen Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, nan plizyè peyi nan Mwayen Oryan an, li rankontre prensipal negosyatè palestinyen an, Saeb Erekat, nan moman lap kontinye fè efò pou l relanse negosyasyon lapè yo ant Izrayèl ak Palestinyen yo.

Moun pa konnen imedyatman rezilta rankont sa a ki dewoule nan vil Amman, kapital peyi Jòdani e ki fèt kèk moman sèlman anvan chèf diplomasi amerikèn nan mete fen nan virewon an epi retounen o Zetazini. Otorite ameriken te deja fè konnen pa tèlman gen gwo chans pou yon kontak konsa bay gwo rezilta pou sa ki konsènen yon relans negosyasyon yo.

Chita-tande ant Izrayèl ak Palestinyen yo te echwe nan lane 2010, paske Izrayèl pat vle sispann bati koloni pèpleman sou tè li te sezi pandan Lagè 1967 la.
XS
SM
MD
LG