Accessibility links

Breaking News

Panama Sezi yon Bato Nò-Koreyen Chaje ak Mizil ki tap Sòti Kiba


Prezidan Panama a, Ricardo Martinelli, anonse peyi li entèsepte yon bato nò-koreyen ki t ap sòti Kiba pandan batiman an tap travèse Kanal Panama a avèk yon swa-dizan kagezon pyès misil. Mesye Martinelli fè deklarasyon sa a lendi yè swa ; li presize responsab yo arete bato a, paske yo sispèk li t ap transpòte dwòg.

Sepandan lè lapolis te monte abò a, yo jwenn pito sa ki, daprè yo, se ekipman pèfeksyone pou fabrike misil.

Lidè panameyen an pa presize ni kantite ni kalite pyès misil yo; men li poste sou Twitter yon foto ki montre yon bagay ki gen fòm yon “tube vèrt” ki twouve l anndan yon kagezon sik. Prezidan Martinelli ta pral di pi ta, kapitenn bato a te eseye touye tèt li ; men li pa reyisi.

Kiba, ki se yon peyi kominis, se youn nan ra alye Kore-di-Nò ki izole pa rapò ak kominote entènasyonal la, sitou akoz pwogram zam nikleyè l la .

Sanksyon Nasyon Zini mete sou do Kore-di-nò entèdi peyi a achte oubyen vann misil balistik oubyen teknoloji nikleyè. Nasyon Zini te ranfòse sanksyon yo aprè 3èm tès nikleyè Kore-di-Nò te fè nan mwa fevriye 2013 la.

Nan Washington, pòt-pawòl Depatman Deta a, Patrick Ventrell, fè konnen gouvènman ameriken an apiye ak tout fòs aksyon gouvènman an nan Panama e administrasyon Obama a kenbe yon kontak sere-sere avèk yo sou kesyon an. Misye Ventrell di:

“Nou apiye ak tout fòs desizyon Panama pran la a kòm yon peyi souvren. Nou fè yo konpliman pou aksyon sa a. Nou rete an kontak avèk yo, men mwen pa pral bay detay sou fason nou rete an kontak avèk yo. Mwen kapab di nou tou senpleman se yon bato otorite panameyen yo enspekte, paske yo te sispèk li tap tanspòte dwòg; konsa, yo sèvi ak otorite yo kòm peyi kap resevwa yon bato etranje, pou yo fè enspeksyon an. Dayè, bato sa a, ki rele MV Chang Chon Gang, se yon bato ki abitye mele nan trafik dwòg."

Patrick Ventrell kontinye pou l di, si se zam bato nò-koreyen an tap tranpòte, se yon vyolasyon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini te pran pou l entèdi Kore-di-Nò mele nan trafik konsa.

“Kite m raple moun yo sa k di nan rezolisyon Konsèy Sekurite Nasyon Zini yo. Si vrèman genyen yon kagezon zam abò bato sa a, nenpòt ki kagezon zam oubyen materyèl ki mache ak zam, se tap yon vyolasyon rezolisyon No. 1718, 1874 ak 2094 Konsèy Sekirite l’ONU an. Pou le moman, nou kontinye ap rasanble enfòmasyon pou n konnen egzakteman ki kalite kagezon ki abò bato a.”

Nouvèl yo fè konnen prezidan panameyen an, Ricardo Martinelli, konfime enfòmasyon ki fè konnen kaptenn bato a te eseye touye tèt li, men misye echwe nan tantativ la.

Yon lòt kote, lapolis panameyèn poze arestasyon 35 manm ekipaj la, paske yo pa vle kowopere ak ankèt otorite yo ap mennen sou kagezon ki abò batiman an.
XS
SM
MD
LG