Nan peyi Lejip, pi gwo otorite ki la pou regle zafè lajistis nan kapital la pase lòd pou yo arete lidè kowalisyon politik Frè Mizilman yo, menmsi nouvo premye minis pwovizwa a, Hazem el-Biblawi, ap prepare l pou l mande lidè gwoup la antre nan yon gouvènman kowalisyon.
Daprè yon deklarasyon ki sòti nan pakè vil Lekèr la, otorite yo lanse manda darè kont prensipal lidè Frè Mizilman yo, Mohammed Badie, yon asistan misye, plis 8 lòt moun. Deklarasyon an di otorite yo sispèk se yo ki te ankouraje patizan prezidan ranvèse a, Mohamed Morsi, poze zak vyolans nan kòmansman semèn nan, tou prè katye-jeneral gad nasyonal la kote plis pase 50 moun te pèdi lavi yo.
Yon pòtpawòl Frè Mizilman yo, Gehad El-Haddad, mete yon mesaj sou kont Twitter li kote li fè konnen: “Se menm ansyen taktik polis Deta yo” . Li ajoute nouvo otorite yo akize li deske li komèt trayizon."
Nan kòmansman jounen mèkredi a, medya Leta a te rapòte nouvo premye minis pwovizwa a, Hazem el-Biblawi, tap fè plan pou l ofri Frè Mizilman yo ak lidè pati islamik la, Nour, kèk pòs nan kabinè ministeryèl la. Ni Frè Mizilman yo ni Nour kritike plan tranzisyon lame ak prezidan pwovizwa a, Adly Mansour, prepare a.