Accessibility links

Breaking News

Ejip Genyen yon Nouvo Premye Minis ak yon Nouvo Vis-Prezidan


Nan peyi Lejip, prezidan Mansour, ap pouse pou pi devan avèk plan li genyen pou l fòme on gouvènman tranzisyon, malgre lidè pati Frè Mizilman yo ak patizan prezidan dechouke a, Mohamed Morsi, pa dakò ak plan sa a. prezidan pwovizwa a, Adly Mansour, nonmen ekonomis Hazem el-Biblawi kòm nouvo premye minis pwovizwa. Misye Mansour nonmen tou ansyen Pri Nobèl Lapè, Mohamed el-Baradei, nan plas vis-prezidan an.

Anvan sa, Pati Frè Mizilman yo te fè konnen yo pa vle tande ditou de plan prezidan Mansour genyen pou l fè amande konstitisyon an epi òganize nouvo eleksyon. Yon lidè wo-plase pati-a, Essam el-Erian, pibliye sou paj Facebook li yon deklarasyon ki te li akize Misye Mansour deske li volè otorite ki revni Pouvwa Lejislatif la.

Sityasyopn politik la toujou chaje tansyon nan Lejip yon semèn aprè lame te poze yon aksyon-sipriz, lè l te deside sispann kontitisyon militan islamis yo te prepare epi ranvèse Prezidan Morsi, aprè anpil manifestasyon te dewoule kont gouvènman an.

Yon lòt kote, Pati Frè Mizilman an te lanse apèl pou l mande plis manifestasyon pou madi 9 jiyè 20 13 la, yon jou aprè konfwontasyon ant lame ak patizan misye Morsi te koze lanmò 51 moun. 2 pati yo twoke blam kote chak di se lòt la ki responsab vyolans la : Frè Mizilman yo fè konnen lame te ouvè koutzam san pwovokasyon ni okenn lot rezon sou patizan misye Morsi yo. Militè yo, bò kote pa yo, reponn pou yo di yo te pase alaksyon aprè yo te tonbe anba gwo koutzam yon gwoup teworis ki tap eseye pran daso yon katye-jeneral lame a nan kapital la, Lekèr.

Ozetazini, Prezidan Barack Obama ak kongrè a genyen pou yo pran yon gwo desizyon –yon desizyon defisil sou kesyon pou konnen eske yo dwe mete fen nan asistans yon milya 300 milyon dola Lèzetazini bay Lejip chak ane. Lalwa amerikèn oblije gouvènman an koupe èd ekonomik Lèzetazini ap bay yon peyi kote lame fè yon koudeta kont yon gouvènman ki te eli demokratikman.

Lendi 8 jiyè a, pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, te abòde dosye a avèk laprès.

Misye Carney di:
“Mwen panse sa pa t ap nan pi bon enterè Lèzetazini pou n ta prese chanje pwogram asistans nap bay Lejip. Nou panse –e se pa mwen sèlman ki panse konsa- sa pa tap sèvi entèrè Lèzetazini pou n fè sa. Nap pase an revi obligasyon nou daprè lalwa; e nou pral pran kontak ak kongrè a sou mwayen pou n avanse sou dosye a, espesyalman pou sa ki konsène kantite global asistans nap bay peyi sa a. "

Daprè sa misye Carney di jounalis yo, Lèzetazini gen kèsote devan evolisyon vyolans la nan Lejip; se pou sa otorite ameriken yo rete an kontak ak prensipal ofisyèl nan peyi a. Bò kote pa l, pòtpawòl Depatman Deta a, Jen Psaki, fè konnen Lèzetazini voye yon mesaj klè bay otorite ejipsyen yo. Sanble se yon mesaj li voye dirèkteman bay pati kap apiye Misye Morsi a, Pari Frè Mizilman yo.

Madam Psaki di :
"Yon pwosesis demokratik pa vle di ale jete bilten sèlman. An plis de as, genyen kèk lòt faktè ki enpòtan, tankou fason yon otorite eli konpòte l; kijan moun sa a dirije. E se sa nou genyen devan nou la a, kote nou wè dè milyon e dè milyon moun ki leve vwa yo pou yo pale nan peyi a."

N ap raple lame ejipsyèn fè konnen si l te pase alaksyon pou l ranvèse Prezidan Mohamed Morsi, se paske sa te nesesè pou l respekte volonte plizyè milyon moun ki tap pwoteste pou mande demisyon Misye Morsi.
XS
SM
MD
LG