Accessibility links

Breaking News

Ejip/Vyolans: Manifestasyon Pou e Kont Prezidan Mohamed Morsi ap Kontinye


Patizan prezidan dechouke Ejip la, Mohamed Morsi, ap pote kadav yon kòlèg manifestan yo ki te tonbe anba bal tou pre katye jeneral Gad Repiblikèn nan nan vil Lekèr (8 jiyè 2013).
Patizan prezidan dechouke Ejip la, Mohamed Morsi, ap pote kadav yon kòlèg manifestan yo ki te tonbe anba bal tou pre katye jeneral Gad Repiblikèn nan nan vil Lekèr (8 jiyè 2013).
Nan vil Lekèr, kapital Ejip, se pa santèn milye moun te kite kay yo, dimanch 7 jiyè 2013 la, pou yo t al pran pozisyon sou plas Tahrir la, pou yo montre apui yo pou dechoukaj Prezidan Mohamed Morsi a.

Manifestan yo –ki te genyen tanbou nan men yo ak slogan nan bouch yo-- fè konnen yo vle efase pèsepsyon moun genyen –sitou nan peyi oksidantal yo- kòmkwa sa k rive nan Ejip la se yon koudeta militè e non pa rezilta yon soulèvman popilè. Youn nan manifestan sa yo sete ansyen kandida a la prezidans Khaled Ali, lidè yon mouvman gochis. Misye Khaled di:

“Pèp la se sous tout otorite. Pèp la reprezante vrè pouvwa a. Se pèp la kap pwoteje Leta; kidonk, se pèp la kap pwoteje lame e non pa le kontrè. »

Nap raple otorite militè yo te wete Prezidan Mohamed Morsi sou pouvwa a mèkredi 3 jiyè pase a. Lame fè konnen, rezon dèt aksyon li poze a, se pou l respekte volonte plizyè milyon sitwayen ejipsyen.

Lòt kote nan vil Lekèr, plizyè milye moun te rasanble tou prè Moske Rabia al-Adwaiya a, pou yo manifeste apui yo pou lidè dechouke a ak gouvènman n nan. Nan tèt manifestan yo, te genyen lidè Pati Frè Mizilman yo, an palan de pati Misye Morsi a. Pòtpawòl pati a, Gehad Al-Haddad bat detay sou rezondèt manifestasyon sa a :

“Nou pral kontinye kenbe presyon an la; nou pral ogmante presyon an sou Konsèy Siprèm Fòs Zame a, sou lidè diktati militè a, jiskaske yo bat ba epi remete Prezidan Morsi nan plas ki revni l de dwa a. “

2 rasanbleman opoze ki dewoule dimanch la, vini 2 jou aprè yon lese-frape kote patizan 2 kan yo te tonbe nan konfwontasyon vyolan. Bilan : 36 moun omwen te mouri e plis pase mil lòt te blese atravè tout peyi a.
XS
SM
MD
LG