Accessibility links

Breaking News

Ejip-Politik: Nouvo Lidè yo Ofri Mohamed El-Baradei Pòs Premye Minis la


Mohamed El-Baradei ki tap bay yon interview lakay li nan vil Lekèr (Foto achiv).
Mohamed El-Baradei ki tap bay yon interview lakay li nan vil Lekèr (Foto achiv).
Sanble ejipsyen yo ap chache patisipasyon yon Pri Nobel Lapè nan efò kap fèt pou pèmèt kalm ak lapè retounen nan peyi yo. Pri Nobèl Lapè sa a se sitwayen ejipsyen Mohamed El-Baradei. Otorite yo fè konnen prezidan pwovizwa a, ansyen jij Kou Siprèm nan, Adly Mansour, konvoke Misye El-Baradey nan palè prezidanysèl la kote li gen pou l pete sèman kom premye minis anvan jounen samdi a fin pase.

Mohamed El-Baredey se yon ansyen prezidan AEEA (Ajans Nasyon Zini pou Eneji Atomik). Li pral gen kòm misyon pou l ede yon nasyon divize --kote se chak jou plis kolè popilasyon an ap ogmante - eben, misyon misye se wè sa l ka fè pou pèmèt nasyon sa a retounen sou wout demokrasi.

Sepandan, youn nan prensipal lidè pati ki apiye prezidan Mohamed Morsi a --an palan de Pati Frè Mizilman yo-- deja pale ak ajans nouvèl Reuters pou l di pati a pap aksepte nominasyon El-Baradei nan pòs Premye Minis la e patizan Prezidan Morsi yo fè sèman pou yo kontinye mouvman pwotestasyon yo a jiskaske Misye Morsi retounen sou pouvwa a kòm premye prezidan ki eli demokratikman nan tout istwa peyi Lejip.
XS
SM
MD
LG