Nan peyi Lejip, gwo divizyon egziste toujou ant patizan prezidan dechouke a, Mohamed Morsi, ak opozyon an; se konsa, manifestasyon pou e kont Misye Morsi kontinye dewoule nan kapital la, vil Lekèr, e atravè rès peyi a.
Ototite yo fè konnen bilan moun ki te mouri nan konfwontasyon ant 2 gwoup rival yo epi lese-frape ant lapolis ak patizan prezidan Morsi yo, monte rive 36 kounyela a, tandiske plis pase mil lòt moun blese. Jiskaprezan, moun kapab wè nan lari vil Lekèr pil wòch, douy bal ak lòt bagay ki montree karaktè vyolan konwontasyon yo nan zòn kote batay te dewoule nan Lekèr.
Prezidan pwovizwa a, Adly Mansour, rankontre samdi 6 jiyè 2013 la, nan palè prezidansyèl la, avèk minis enteryè a (ki se chèf polis nasyonal la) e avèk kòmandan an chèf lame a, jeneral Abdel Fattha Al-Sisi. Ajans nouvèl Associated Press fè konnen misye Mansour rankontre tou ak chèf yon gwoup jenn ki rele Tamrod -yon gwoup ki te nan tèt mouvman leve-kanpe kont prezidans Misye Morsi a.
Plizyè milye patizan Prezidan Morsi rasanble, nan jounen samdi a, tou pre yon moske nan vil Lekèr, pi presizeman nan katye Nasar City, kote yon meeting dewoule an favè lidè depoze a. Lidè yo kap dirije pati Frè Mizilman yo, fè konnen yo gen plan pou yo mete sou pye yon mouvman rezistans non-vyolan -si sa nesesè- pou yo reyalize objektif yo, ki se pèmèt Mohamed Morsi retounen sou pouvwa a.