Accessibility links

Breaking News

Etazini-Espyonaj: 3 Peyi Latino-Ameriken Pare pou Resevwa Edward Snowden


Pasaje ki an tranzit ap manje nan yon bar-restoran nan ayewopò Sheremetyevo nan Moskou, kote yon chèn televizyon montre yon pòtre Edward Snowden.
Pasaje ki an tranzit ap manje nan yon bar-restoran nan ayewopò Sheremetyevo nan Moskou, kote yon chèn televizyon montre yon pòtre Edward Snowden.

3 peyi Latino-ameriken di yo pare pou yo resevwa sitwayen ameriken Edward Snowden ki anba akizason deske li pibliye sekrè gouvènman Lezetazini an. Prezidan peyi Venezuala a, Nicolas Maduro, ki tap abòde dosye a vandredi 5 jiyè 2013 la, deklare li dizpoze ofri Misye Snowden azil pou rezon imanitè, yon fason pou l pwoteje misye kont pousuit lajistis amerikèn.

Nan menm jounen vandredi a, prezidan peyi Nikaragwa, Daniel Ortega Sahavedra, pale pou l di li pare pou l fè Edward Snowden jwenn azil politik nan peyi li “si sikonstans yo pèmèt sa” (se pwòp pawòl Misye Ortega).'

Dènye nouvèl ki sòti samdi nan Bolivi fè konnen prezidan peyi sa a, Evo Morales, li menm tou, deklare li dispoze bay akize a azil politik si misye fè demand pou sa. Misye Morales di peyi Bolivi pa pè ni Lèzetazuni, ni alye ewopeyen l yo ; e li dispoze bay Edward Snowden azil politik si li mande sa.

Moun pa konnen egakteman kijan akize fijitif la kapab monte abò yon avyon pou l kite Larisi, peyi kote li ye jounen Jodi a. Vrèmanvre, moun kwè Edward Snowden twouve li nan yon zòn tranzit nan yon ayewopò vil Moskou, kote li pa ka fè yon pa kita, yon pa nago, paske li pa genyen dokiman vwayaj, tankou paspò pa egzanp.

Akize Snowden mande azil politik nan plis pase 12 peyi. Sepandan Lèzetazini reklame ekstradisyon misye poutèt li te mete deyò detay sou operasyon sekrè Ajans Sekirite Nasyonal ameriken an mete sou pye pou l swiv konvèsasyon telefonik sitwayen l yo ak aktivite yap mennen sou entènet la. Gouvènman ameriken an di siveyans konsa ede l dejwe atak teworis moun tap prepare kont Lèzetazini; sepandan, Edward Snowden deklare, bò kote pa l, sitwayen ameriken yo fèt pou konnen gouvènman pwòp peyi yo ap espyone aktivite yap mennen e, daprè li, se yon vyolasyon lwa sou vi prive yo.
XS
SM
MD
LG