Accessibility links

Breaking News

Ejip-Politik : Ultimatum Lame a Rive nan Bout li – Posib Konfwontasyon ak Rejim Morsi a


Twoup militè devan palè prezidansyèl la nan vil Lekèr, kapital Ejip la (Foto: 2 jiyè 2013).
Twoup militè devan palè prezidansyèl la nan vil Lekèr, kapital Ejip la (Foto: 2 jiyè 2013).
Nan peyi Lejip, lame a kapab antre nan yon konfwontasyon avèk gouvènman an mèkredi 3 jiyè 2013 la, jou kote yon ultimatum militè yo bay Prezidan Mohamed Morsi ak opozisyon an pou yo rezoud kriz politik la, ap rive nan bout li. Tou lè 2 pati yo pale byen klè pou yo di yo dispoze vèse san pou yo pwoteje nasyon an.

Pati politik Prezidan Morsi a, Fratènite Mizilman, rejte kategorikman ultimatum lame a ki, daprè lidè pati a, se pa ni 2 ni 3 bagay ke yon tantativ kou-deta militè. Pòtpawòl pati a, Gehad El-Haddad, bay Lavwadlamerik yon entèvyou kote li fè konnen gwoup la pap pran lèzam pou l tope kòn ni avèk militè yo; sepandan, Fratènite Mizilman pare pou l pase alaksyon pou l dejwe tout tantativ lame ta vle fè pou l ranvèse gouvènman Prezidan Morsi a –“yon gouvènman ki te monte sou pouvwa a nan eleksyon demokratik”. Misye El-Haddad di:

“Si yo voye tank al pran prezidan an, nou pral kanpe an kwa sou wout yo. Lè sa a, tank yo pral genyen 2 chwa: se oubyen yo woule pase sou nou ak kadav nou, oubyen yo kanpe epi respekte lijitimite prezidan nou an. Pa genyen yon 3èm opsyon.”

Bò kote pa l, Prezidan Morsi leve lavwa pou l di li pap bay demisyon n, jan lidè opozisyon an ap mande sa a. Demand sa a sòti tou bò kote plizyè segman popilasyon an kap pran lari pa bann e pa pakèt depi kèk jou deja pou yo fòse prezidan an rache manyòk li. Misye Morsi deklare:

« Pèsonn pa gen otorite pou l vyole konstitisyon an, kit se ak pawòl nan bouch yo, kit se pa lafòs, mande Bondye padon! Pèsonn pa gen dwa pou l vyole lejitimite konstitusyonèl pouvwa a ni pou l pwopoze yon nouvo sistèm gouvènman. »

Prezidan Mohamed Morsi parèt nan televizyon byen ta madi swa pou l raple konsitwayen ejipsyon li yo sa gen sèlman yon lane depi pèp la te eli li nan yon eleksyon lib, onèt e demokratik.
XS
SM
MD
LG