Accessibility links

Breaking News

“ Gouvènman an Vle Eleksyon… Li Kanpe Dèyè Konsèy la ”-Deklarasyon Prezidan Martelly


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly -ki t ap rankontre yon gwoup jounalis nan Nikaragwa, nan okazyon 8èm somè Petro-Caribe a-- fè konnen li vle eleksyon ; men li menm ak Premye Minis la bay CTCEP a tout endepandans li pou l òganize eleksyon yo .

Jiskaprezan pouvwa egzekitif la poko resevwa lwa elektoral la nan men Konsey Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan (CTCEP ). Pandansetan anpil sektè kontinye akize egzekitif la, e tou espesyalman Prezidan Martelly, dèske li pa ta renmen wè eleksyon dewoule nan peyi a anvan fen ane 2013 la.

Yon akizasyon chèf leta a demanti kategorikman nan yon rankont ak yon gwoup jounalis ayisyen nan Nikaragwa .

Klike sou ikonn agoch la pou w koute deklarasyon Prezidan Michel Martelly. Yon koutwazi konsè nou Radyo Kiskeya nan Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG