Prezidan ameriken an, Barack Obama, kite Senegal pou l ale Afrik di Sid pandan lap pouswiv yon toune nan 3 peyi sou kontinan afriken an. Objektif toune sa a se elaji kad angajman Lèzetazini vizavi kontinan an.
Pou sa ki konsènen ansyen prezidan sid-afriken, Nelson Mandela, ki malad grav e ki twouve l nan yon lopital nan vil Pretoria depi 3 semèn, La Mezon Blamch fè konnen yon vizit Misye Obama nan lopital la pral depann de volonte la fanmi Mandela.
Kòm dènye pati pwogram vizit prezidan ameriken an nan Senegal, li te rankontre avèk yon gwoup ofisyèl divès peyi afriken ki travay nan domèn lajistis la ; ansuit li te fè chita-tande avèk yon delegasyon lidè sektè komès ak endisti a epi sektè agrikòl la nan yon rankont kote patisipan yo te santre atansyon yo sou kesyon sekirite alimantè.
Jedi swa, Misye Obama te patisipe nan yon dine ofisyèl nan vil Dakar kote li te pale de tradisyon demokratik peyi Senegal. Prezidan senegalè a, Macky Sall, di tokay ameriken li-a mèsi poutèt li kòmanse toune afriken li a nan Senegal. Bò kote pa l, prezidan Obama deklare li ta renmen wè rapò Lèzetazini avèk Lafrik repoze pito sou echanj komèsyal ak patenarya, e non pa sou asistans ekonomik tou senpleman. Toune prezidan ameriken an sou kontinan afriken an pral pran fen semèn pwochèn nan avèk yon vizit nan peyi Tannzani.