Accessibility links

Breaking News

Sanntyago Chili: Manifestan Reklame Refòm nan Domèn Edikasyon ak Ekonomi


Nan peyi Chili, plizyè santèn manifestan te sèvi ak chodyè e ak kaswòl pou yo fè bri, nan sware mèkredi 26 jen 2013 la, pou yo apiye koz etidyan kap mande refòm nan domèn edikasyon ak ekonomi.

Manifestasyon dewoule nan kapital la, Sanntyago, aprè lese-frape ki te fèt ant la polis anti-emet ak moun kap pwoteste. Lapolis poze arestasyon plizyè douzèn manifestan.

Etidyan yo avek patizan yo òganize plizyè defile ak manifestasyon nan 2 zan ki pase yo; yo denonse sistèm edikasyon an ki, daprè yo, pa jis anvè moun ki pa gen anpil kòb yo. Lidè mouvman etidyan yo lanse apèl pou yo mande chanjman nan sistèm enpo peyi a dekwa pou moun rich yo ka peye plis pou ede sistèm edikatif fonksyone pi byen.

Mezantant sou refòm nan domèn edikasyon an ap tounen yon tèm enpòtan nan eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan mwa novanm 2013 la nan peyi Chili.
XS
SM
MD
LG