Ansyen Premye Minis ostralyen, Kevin Rudd, ranpòte yon vòt pou lidèchip pati travayis la sou premye minis an plas la, Julia Gillard, nan yon eleksyon ki, daprè sa anpil obsèvatè te prevwa, kapab lakoz premye fanm ki monte nan tèt gouvènman peyi a, kite politik.
Misye Rudd jwenn apwi tokay palmantè li yo a ki vote 57 vwa pou e 45 kont pou bay ansyen premye minis la laviktwa. Sa vle di se li pral reprezante pati li a nan eleksyon jeneral ki gen pou dewoule nan mwa septanm 2013 la kote obsèvatè yo prevwa yo pral sibi kèk gwo pèt.
Madan Gillard te poze kandidati li an fas Misye Rudd nan yon eleksyon primè ki dewoule nan palman an mèkredi 26 jen 2013 la; li te pwomèt lap bay demisyon n nan politik si l pèdi. Li pa fè okèn deklarasyon aprè vòt la. Madanm Gillard gen pou l bay demisyon n jedi e Misye Rudd pral ranplase l kòm premye minis.
Kevin Rudd te sèvi kòm premye minis ostralyen ant mwa novanm 2007 e mwa Jen 2010. Se Madan Gillard te pran plas la nan men n.