Accessibility links

Breaking News

Sispens sou Eta-Sante Ansyen Prezidan Sid-Afriken Nelson Mandela


Achevèk anglikan Thabo Makgoba ap kite lopital kote Misye Mandela ap resevwa tretman pou yon enfeksyon nan poumon nan vil Pretoria.
Achevèk anglikan Thabo Makgoba ap kite lopital kote Misye Mandela ap resevwa tretman pou yon enfeksyon nan poumon nan vil Pretoria.
Ann Afrik di Sid, fanmi ansyen Prezidan Nelson Mandela asiste, byen ta madi 25 jen 2013 la, yon priyè achevèk Cape Town nan, Thabo Makgoba, te fè pou mande Bondye pèmèt ansyen lidè a konnen yon fen pasifik (kidonk, pou l fini lavi li nan lapè). Monseyè Makgoba te vizite Misye Mandela nan yon lopital vil Pretoria kote ansyen prezidan an, ki genyen 94 zan, ap resevwa tretman pou yon enfeksyon nan poumon depi preske 3 semèn.

Okenn nouvèl nèf pa sòti sou kondisyon sante Misye Mandela mèkredi 26 jen 2013 la. Dènye enfòmasyon gouvènman an te pibliye, te fè konnen ansyen prezidan an toujou nan yon kondisyon grav.

La fanmi Mandela te reyini lakay ansyen lidè a madi nan vilaj Qunu kote Nelson Mandela te pran nesans, nan provens Cape nan lès peyi a. Laprès ann Afrik di Sid rapòte pitit Misye Mandela yo te mande rankont sa a pou yo te ka diskite sou kesyon ki enpòtan pou fanmi an ---kesyon ki sanble gen rapò ak le fèt ke sante Misye Mandela ap deteryore.
XS
SM
MD
LG