Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Pwovens Xianjang, nan Lachin – 27 Moun Mouri


Lapolis pare pou l mete lòd nan okazyon yon konfwontasyon nan Lachin.
Lapolis pare pou l mete lòd nan okazyon yon konfwontasyon nan Lachin.
Laprès ofisyèl la nan peyi Lachin fè konnen 27 moun mouri nan konfwontasyon ki dewoule ant manm gwoup rasyal diferan nan pwovens XinJiang, nan pati nòdwès peyi a; se zak vyolans pi malouk yo anrejistre nan rejyon sa a depi anviwon 4 tran.
Ajans Chin Nouvèl ekri pou l di lese-frape yo te kòmanse byen bonè mèkredi 26 jen 2013 la lè yon foul popilas, ki te genyen kouto ak ponya nan men yo, te atake yon biwo-polis, yon biwo gouvènman pwovensyal la epi yon enstalasyon kote konstriksyon ap fèt nan komun Lukqun, nan awondissman Shanshan.
Daprè nouvèl la, atakan yo vide kout-kouto sou moun, yo mete dife nan machin lapolis, yo touye 9 sòlda ak 8 sivil, anvan lapolis te ouvè kout-zam pou touye 10 sispèk. Chin Nouvèl kontinye pou l di lapolis mete men sou 3 atakan e yap chache yon kantite lòt ; men yo pa presize konbyen. Enfòmasyon an pa bay prezisyon non plis sou rezon konfwontasyon an, menm jan li pa bay detay sou ras moun ki mele nan move zak yo.
XS
SM
MD
LG